Publisher's Synopsis
Titre du livre: [INITE NAN KONFLI]
Ce livre est écrit en Kreyòl Ayisyen (créole haïtien) et en hébreu biblique. Il s'adresse aux lecteurs qui souhaitent approfondir leur connaissance des Écritures Saintes à travers la langue originale de la Bible et la richesse du créole haïtien. Bien que la langue principale du livre soit le Kreyòl Ayisyen, il contient également des textes en hébreu avec des explications adaptées. Ce livre est idéal pour ceux qui veulent explorer la foi, la spiritualité et la culture biblique d'une manière unique et accessible. Note: Comme KDP ne prend pas encore en charge le créole haïtien comme langue distincte, ce livre est répertorié sous la catégorie Français. Viv ansanm tankou yon kominote se yon benediksyon, men li vini ak defi pa li tou. Pandan nou pataje Emounah/Aderans (lafwa), vizyon, ak objektif komen, nou ka fè fas ak diferant opinyon, estil lavi, ak konpreyansyon espirityèl ki ka mennen nan konfli. Sepandan, sa ki fè yon kominote solid, se pa absans dezakò, men pito kapasite pou jere konfli ak sajès, lanmou, ak respè youn pou lòt.Nan liv sa a, nou pral eksplore kijan yon kominote ka jere konfli pandan y ap chèche kenbe inite ak lanmou. Nou pral fouye pi fon nan ekriti sakre yo pou nou dekouvri prensip ki gide nou sou fason pou nou viv ansanm malgre diferans nou yo. Tanakh/Ekriti Saké-a (Ansyen Kontra) ak Brit Hadasha (Nouvo Kontra) bay nou anpil leson sou pèseverans, padon, ak respè mityèl ki esansyèl pou konsève lapè ak inite nan mitan pèp Adonaï la.
Nou pa senpleman etidye prensip sa yo pou ogmante konesans nou; nou vle mete yo an aplikasyon nan lavi chak jou nou tankou manm Edah Yeshoua, kote nou chwazi viv ak yon panse ebrayik ki mete aksan sou shalom/plenitid (lapè), ahavah (lanmou), ak ashdout (inite). Se avèk objektif sa a nap antreprann vwayaj sa a ansanm, pou nou aprann, reflechi, epi grandi nan Rouakh/Souf( lespri) ak Emet/verite.
Ke chak paj nan liv sa a ka ede nou pi byen konprann wòl nou tankou manm kominote Adonaï la epi bay nou zouti pou n jere konfli ak sajès, lanmou ak respè, toutotan n ap suiv chemen Yeshoua.
Inite se youn nan pi gwo kado ke Elohim bay pèp li a, men tou li se youn nan pi gwo defi yo. Depi premye jou kote Adonai te mete lèzòm sou HaAretz (tè), nou wè li pa t vle pou nou viv poukont nou. Li te kreye nou pou nou viv an Edah (kominote), pou nou sipòte youn lòt, pataje, ak grandi ansanm. Sepandan, inite pa yon bagay ki vini fasil. Li egzije efò, imilite, konpreyansyon, ak sa pi enpòtan ankò, lanmou.
Lavi nan yon Kehilah (קהילה - translit: Kehilah, tradiksyon: kominote, asanble) se yon bèl eksperyans kote nou aprann ansanm, nou adore ansanm, nou selebre ak lapriyè ansanm. Men, menm jan ak nenpòt lòt gwoup moun, li pa libere de konfli. Diferans opinyon, eksperyans pèsonèl, kwayans ak pratik ka mete divizyon pami nou. Kèk fwa, divizyon sa yo rive chire frè ak sè nan Emounah/Aderans (lafwa) epi lakòz gwo domaj nan asanble Yeshoua a.
Menm nan tan ansyen yo, pèp Elohim lan te toujou konfwonte ak pwoblèm divizyon ak konfli. Soti nan Israelit yo nan dezè a, rive nan kongregasyon premye Talmidim/Enstwi de de Yeshoua (disip yo), nou ka wè kijan mank inite te konn mennen estrès ak konfizyon. Se poutèt sa, Yeshoua te mete yon gwo enpòtans sou linite, li te priye pou Talmidim/Enstwi de Yeshoua (disip li yo) ka rete youn ak lòt, "Ehad (אֶחָד - Youn, Ini)", menm jan li menm li ini ak Papa a:
"וְהָיוּ כֻלָּם אֶחָד, כְּמוֹ שֶׁאַתָּה אָב בִּי וַאֲנִי בְךָ, שֶׁגַם הֵם יִהְיוּ בָּנוּ אֶחָד"
Transliterasyon: "Ve'hayou koulam ehad, kemo she'atah Av bi, va'ani vekha, she'gam hem yihyou banou ekhad."